Vini Yon Sitwayen Ameriken

Vini Yon Sitwayen Ameriken

citizenshipworks logo

Nou bay asistans gratis ak pi piti kòb ansanm ak moun ki gen Rezidans Pèmanan Legal yo

Imigran yo dwe pase anba anpil pwoblèm yon fason pou yo ka genyen tout dwa yo nan peyi nou an, ak Natiralizasyon an se yon etap ki gen anpil signifikasyon nan pwosesis sa. Imigran ki naturalize yo jwenn pwoteksyon kont depòtasyon, yo ka anrejistre pou vote, ak tou yo kapab aplike pou travay federal yo.

Florida se plas ki gen 1.2 milyon moun ki gen Rezidans Pèmanan Legal (LPRs) epi anviwon 830,000 ladan yo deja kalifye pou vin sitwayen ameriken depi an 2019. Malerezman, mwens pase 15% ladan te rive fini pwosesis natiralizasyon yo a, pi gran rezon an se paske yo pat ka jwenn kòb aplikasyon yo ak peye kòb pou pwosesis legal yo.

Pwogram sitwayènte FLIC la bay asistans gratis a rediksyon pou moun ki gen Rezidans Pèmanan Legal yo. N’ap dirige yon Atelye Sitwayènte chak mwa nan Biwo nou genyen nan Miami an ak nou bay sipò akonpayman nan chimen CitizenshipWorks sa a.

Young man

Ou ka aplike pou sitwayènte ameriken an si:

  • Ou te yon moun ki gen rezidans pèmanan legal li (ki gen yon kat vèt) pou pi piti 5 lane
  • Ou marye ak yon sitwayen ameriken epi ou te yon moun ki gen rezidans pèmanan legal la pou pi piti 3 lane.
  • Ou se yon militè, oubyen madanm/mari ou oubyen paran ou yo nan militè.
  • Nenpòt nan paran ou yo se yon sitwayen ameriken.

Kijan pou w’ aplike:

Ale vizite sitwèb ki sou chimen AtelyeSitwayènte (CitizenshipWorks) jodya pou w’ kòmanse aplikasyon w’ lan oubyen kontakte Liy Apèl nou an nan 1-888-600-5762 pou w’ konnen plis konsènan evènman natiralizasyon ki pral fèt yo.
APLIKE KOUNYA