Renata Bozzetto
Renata te premye vin jwenn FLIC antanke volontè nan lane 2011, lè kanpay We Are Florida a t’ap pran fòm. Aprè kèlke lane pase, Renata te kenbe yon angajman pou sosyal jistis ak kontinye leve kominote nou yo par mwayen edikasyon, sèvis kominotè, ak angajman sitwayen. Li t’ap sipòte inisyativ sila yo k’ap avanse jistis rasyal, dwa fanm yo, egalite ekonomik, ak politik patisipasyon pandan li t’ap sèvi nan plizyè direksyon ak komite nan diferan òganizasyon san objektif pou fè lajan. Avan li te vin jwenn ekip FLIC la, Renata t’ap travay pandan 9 lane antanke yon asistan pwofesè/enstriktè nan Sid Florida. Li te resevwa degre Master li nan Women & Gender Studies (Etid sou Fanm ak Sèks) nan Florida Atlantic University epi l’ap kontinye pou fè Doktora li nan Sosyoloji (international migration focus) (konpreyansyon sou migrasyon entènasyonal) nan Florida International University.