Paula Muñoz

Paula Muñoz te fèt nan Bogota, Colombia, e li te vini Etazini lè li te gen 7 lane. Antanke yon imigran, pasyon li se te goumen pou tout imigran ki menm jan avèk li ansanm ak fanmi li, li te vini poutèt sekirite ak nan lespwa pou yon lavi miyò nan Etazini. Li te vin angaje li nan dwa imigran yo nan lane 2011 pandan li t’ap òganize ansanm ak jenès la kont gran seri arestasyon, anprizónman, ak detounman prizon ansanm ak Students Working for Equal Rights (Etidyan k’ap Travay pou Egalite Dwa yo). Antanke Direktè Kanpay yo, l’ap travay avèk yon ekip òganizatè ak kowòdonatè sou pwoblèm de baz yo ki se strateji pou bati pouvwa pou pouse pou pi devan nan nivo nasyonal, sou tout teritwa leta a ak pwoblèm politik lokal sa yo k’ap fè enpak sou manb nou yo ak kominote nou yo.