Afifa Khaliq

Afifa Khaliq se Direktè Pwogram nan Sendika Sèvis Piblik Florida pou SEIU (SEIU Florida Public Services Union). Li se manb yon ekip k’ap travay nan kreye nouvo tandans ak repanse travay la, politik yo, ekonomi an, ak jistis sosyal la. Afifa se yon moun ki pa wont paske li se mizilman e li fyè de tèt li. Li se yon manb fondatè ak yon sekretè nan Federasyon Mizilman nan Sid Florida (South Florida Muslim Federation). Li se yon Prezidan tou nan òganizasyon Emgage Florida, ki se yon Òganizasyon angajman sitwayen mizilman. Afifa se yon moun ki marye, Bondye beni l’ ak yon pitit gason, epi l’ap viv nan West Palm Beach, Florida.