programs

The Rising Tide

The Rising Tide te lanse antanke Kolaborasyon Òganizasyon de Baz Gwoup Fanm Florida yo. K’ap chèche rezoud pwoblèm izolasyon ak tout divizyon sa yo ki nan kilti mouvman an, bati kèk kominote resan, ak devlope lidèchip medam yo sou tout teritwa leta Florida a, pwogram nan monte sou fòm yon “laboratwa” sosyopolitik, pou rann li pi vivan, pi bèl, chanjman radikal sa k’ap pran plas li nan Florida a.

Antanke yon pwogram nan FLIC, The Rising Tide se youn nan lidè nan womxn leaders nan Central Florida Jobs with Justice, Dream Defenders, Faith in Florida, Family Action Network Movement, ke tout moun te konnen sou non Fanm Ayisyen nan Miami/Haitian Women of Miami (FANM), Florida Rights Restoration Coalition, Miami Workers Center, New Florida Majority, Organize Florida ak SEIU, pami anpil lòt toujou epi ki dirije par yon analiz Òganizasyon de Baz pou Fanm.

Nou konnen sa lè mouvman lokal medam yo ap grandi, anpil chimen chanjman tou pwofite kreye epitou mouvman lidèchip ki pat sosyal yo tou vin rive posib. Nou konnen ke valè politik yo nan Florida kòmanse nan kreye fondasyon pou pwòp tèt pa nou nan yon pwosesis kolektif pou gerizon, nan re-imagine ak re-kreye systèm pouvwa aktif. Evènman pou angajman ak aktivasyon ke òganizasyon The Rising Tide la genyen ladan li yon Lekòl Òganizasyon Fanm spesyalman pou Florida (Florida specific Feminist Organizing School), k’ap sipòte kowòt anyèl yon mouvman ki rele Femmetorship, nan dirije yon Seri Fòmasyon Entènasyonal pou edikasyon politik, anrasinen distans sosyal ak evènman edikasyon popilè.
Join our mailing list
The Rising Tide