Manb FLIC
Nou se youn nan prèske 500 leta ak konsèy travay lokal pou AFL-CIO epi nou se poto mitan mouvman travay la. Nou te eli antanke yon kò ki chwazi sou baz demokrasi pou reprezante enterè moun k’ap travay yo nan nivo leta ak lokal yo. Nou mobilize manb ak patnè kominotè nou yo pou fè pledwaye pou jistis sosyal ak jistis ekonomik ak n’ap efòse nou chak jou pou rezoud pwoblèm vyolans sa ak fè kominote nou yo vin pi bon pou tout moun—kèlkeswa ras w’, koulè w’, sèks w’, relijyon w’, laj w’, oryantasyon seksyèl w’, kote w’ soti ak peyi kote w’ fèt.
Nou se youn nan prèske 500 leta ak konsèy travay lokal pou AFL-CIO epi nou poto mitan mouvman travay la. Nou te eli antanke yon kò ki chwazi sou baz demokrasi pou reprezante enterè moun k’ap travay yo nan nivo leta ak lokal yo. Nou mobilize manb ak patnè kominotè nou yo pou fè pledwaye pou jistis sosyal ak jistis ekonomik ak n’ap efòse nou chak jou pou rezoud pwoblèm vyolans sa ak fè kominote nou yo vin pi bon pou tout moun—kèlkeswa ras w’, koulè w’, sèks w’, relijyon w’, laj w’, oryantasyon seksyèl w’, kote w’ soti ak peyi kote w’ fèt.
Fonde depi nan lane 1917, American Friends Service Committee (AFSC) se yon òganizasyon legliz k’ap fè pwomosyon pou dènye sezon lapli k’ap bay lapè ak jistis la, se yon pawòl ki defini lafwa nan aksyon kretyen yo. Pandan n’ap montre yon levanjil lagras ki gen anpil efikas, ak pandan n’ap travay avèk moun ki gen anpil background, nou anrichi grenn chanjman yo epi nou gen respè pou lavi moun k’ap transfòme relasyon sosyal yo ak systèm yo.
Depi nan kòmansman sou rivaj Miami jiska aprè kouche solèy la blayi sou plaj Pensacola yo, travay serye mesye dam ki nan òganizasyon American Federation of State County and Municipal Employees (AFSCME) ap fè Florida vin yon reyalite. Soti nan Vil Collier pou rive nan Vil Clay, kay sa ki reprezante premye koloni ameriken an nan St. Augustine jiska limit mileyaj zero pou Key West, nou ka jwenn manb nou yo nan pataje sèvis ki bay lavi yo pou fè vi sitwayen yo ki nan tout Leta Reyon Solèy la vin pi bon par mwayen yon angajman ki pataje pou sèvi popilasyon an. Antanke pi gran linyon k’ap grandi byen rapid nan Florida, nou vrèman fyè antanke yon sendika nasyonal k’ap fè pledwaye pou yon tretman egal nan atelye travay la, k’ap byen travay nan sèvis piblik yo ak opòtinite pou tout fanmi k’ap travay yo
AI Justice se yon antrepriz legal ki pa gen objektif pou fè lajan, ki pran plizyè rekonpans ak yon òganizasyon pou pledwaye k’ap pwoteje ak fè pwomosyon pou dwa fondamantal moun imigran yo. Nan Florida ak nan yon nivo nasyonal, n’ap defann dwa timoun imigran minè sa ki vini Etazini san paran yo; n’ap fè pledwaye pou moun sa yo ki sove anba komès moun ak vyolans domestik; nou sèvi antan ke defansè nan pratik ak politik anprizónman imigrasyon yo, epi nou pale pou gwoup imigran yo ki gen yon dosye spesyal oubyen yon revandikasyon spesyal nan lajistis.
The Asian American Federation of Florida (AAFF) se yon kowalisyon 501(c)(3) ki gen pou objektif pou kreye linite ak kolaborasyon pami plizyè Òganizasyon Ameriken ki nan Asia Pacific la ak pou amelyore relasyon pou yon kilti diferan pami Kominote Ameriken origin Asia Pacific ki nan Florida. Federasyon AAFF se yon òganizasyon nan nivo leta a ki kreye ansanm ak plis pase 70 nasyon tankou Bangladesh, Burmese, Cambodia, China, Filipine, India, Iran, Korea, Laotia, Taiwan, Thai, Turkish, ak Vietnam se yon òganizasyon ki baze sou lafwa ak kominote, biznis, ak laprès.
Bend the Arc: se yon Mouvman Jwif nan Sid Florida, li te fonde nan lane 2018, li se yon Komite Moral volontè k’ap dirije nan mobilize kominote nou an pou li reziste, montre solidarite, ak pran pouvwa pou objektif pwogrè nou genyen an antanke yon peyi k’ap kite pase anba pye valè lajistis ak egalite nou genyen pou tout moun nan.
The Council on American-Islamic Relations (CAIR) (Konsèy pou Relasyon Ameriken-Islam) se yon federasyon ki endepandan legalman, ki gouvène, epi k’ap dirije kèk pwojè sou tout teritwa peyi a, k’ap travay ansanm pou defann Libète Sitwayen Ameriken yo. CAIR Nasyonal se òganizasyon fondatè e ki genyen pwòp Komite Direktè pa li, menm jan pou chak grenn biwo CAIR nan tout peyi a. Tout manb komite administrasyon CAIR yo, anplwaye yo, ak volontè yo reprezante tout definisyon Kominote Ameriken Mizilman sa a.
Central Florida Jobs with Justice kwè ke tout travayè ta dwe gen dwa pèsonèlman pou yo negosye, sekirite travay, ak yon nivo salè nòmal nan lavi moun ansanm ak yon ekonomi nòmal k’ap bon pou tout moun. Pou nou ka goumen pou lajistis, nou fòme yon relasyon a long-term ak yon gran patenarya pami linyon travay yo, moun ki gen lafwa yo, kominote òganizasyon yo, ak etidyan militan ki gen pou objektif pataje valè moral yo.
Centro Campesino se yon Kòporasyon Devlopman Kominotè ki ranfòse fanmi yo nan santral ak nan sid Florid. Nou fè sa nan bay opòtinite pou jwenn aksè nan lojman abòdab, sipò pwopriyetè kay, avansman ekonomik ak edikasyon ak devlopman lidèchip.
Centro Campesino te fòme an 1972 kòm yon òganizasyon defans travayè agrikòl an repons a kondisyon lavi deplorab travayè agrikòl yo ak lòt fanmi ki pa gen anpil revni nan Sid Florid. Depi lè sa a, Centro Campesino te konstwi plis pase 500 kay yon sèl fanmi pou fanmi ki pa gen anpil revni, 130 inite lokasyon abòdab, e li te reyabilite plis pase 6,000 kay pou fanmi ki pa gen anpil revni nan zòn onz Florid yo.
The Coalition of Immokalee Workers (CIW) (Kowalisyon Travayè nan Immokalee) se yon òganizasyon ki baze sou dwa moun e ki gen yon rekonesans entènasyonal pou travay l’ap fè nan goumen kont komès moun ak vyolans seksyèl ki fèt nan travay. Kowalisyon CIW rekonèt ankò antanke fondatè ki te kreye imaj ak devlope mouvman nou rele Worker-driven Social Responsibility paradigm (Modèl Travayè k’ap jere yon Responsablite Sosyal), yon group travayè dirige, se yon apwòch sou pwoteksyon dwa moun ki kanpe kont anprizónman moun sa yon nan antrepriz yo.
Nou se yon kominote avoka. Nan travay legal n’ap Mennen yo, n’ap kolabore dirèkteman avèk kominote òganizatè yo ak gwoup fondamantal yo nan kominote moun ki gen koulè yo e ki gen low-income (fèb revni ekonomik) paske nou kwè ke sa se yon jès ki depase demokrasi, depase jistis ak depase egalite nan sosyete a ki kapab vini vrèman e sèlman par mwayen òganizasyon de baz ak mouvman sosyal yo. Nou fè pati mouvman sosyal sa a nan Sid Florida e n’ap efòse nou pou nou sipòte mouvman òganizasyon sa yo par mwayen plizyè kalite inisyativ travay legal nou yo.
Nou edike ak otorize Ameriken Mizilman yo atravè evènman edikatif, inisyativ elektè yo, ak devlopman lidèchip nan bi pou kreye yon kominote sitwayen ki gen konesans, motive ak enpak. Pwogram debaz nou yo konsantre sou angajman elektè, devlopman lidèchip, ak analiz done. Soti nan enskri votè yo pou òganize meri pou edike votè yo sou fason pou efektivman angaje ofisyèl eli yo sou pwoblèm politik enpòtan yo, Emgage ap chèche transfòme elektora Mizilman Ameriken an nan yon kominote aktif ak enpak.
Te fonde an 2009 e te lanse an 2013, Enterprising Latinas, Inc. (ELI) se yon òganizasyon 501 (C) 3 ki pa pwoteje taks ki egzante dedye a otonòm ekonomik fanm ki pa touche revni Panyòl nan Tampa Bay An patenarya ak òganizasyon lokal, leta ak nasyonal, ELI louvri nouvo chemen opòtinite ekonomik nan: kreye rezo sipò mityèl, anseye nouvo ladrès, ak ofri nouvo zouti, ak defann pou sèvis inovatè.
Vizyon FANM se pou li kapab yon lidè nan kreye kominote/vilaj kote fanmi k’ap fè pwogrè yo ka elve timoun byen edike yo nan lapè ak lajwa. FANM pozisyone li nan mitan Little Haiti. FANM te toujou rete yon gran patisipan nan rezoud pwoblèm sa yo k’ap afekte kominote moun ki fè ti kras kòb yo ak fanmi imigran yo nan Sid Florida. FANM ap jere yon angajman depi byen lontan pou li reponn ak bezwen fanmi ki pa fè gwo kòb yo nan fason pou li mete yo nan yon nivo nòmal ak timoun yo depi depi nan lane 1991 par mwayen konsèy, sèvis èd anplis, aksè nan swen lasante, sansibilizasyon kominotè / edikasyon, fòmasyon travay/devlopman ekonomik, fòmasyon finansyè, sèvis òganizasyon ak pledwaye.
The Farmworker Association of Florida (FWAF) (Asosyasyon Travayè Jaden Florida) se yon òganizasyon nan nivo leta Florid la, yon òganizasyon de baz, ki la pou spesyalman pou kominote a, ki pa la pou fè lajan, e ki gen plis pase 10,000 Ayisyen, Panyòl, ak Afriken Ameriken kòm manb li ak 5 biwo nan leta Florid la ansanm ak 35 lane nan listwa li kote l’ap fè eksperyans travay pou jistis sosyal ak jistis anviwónman avèk travayè jaden yo.
Li Etabli nan mwa Me 2018, Florida Asian Services (Sèvis Azyatik nan Florida) gen misyon pou li avanse patisipasyon sitwayen ak patisipasyon politik ak amelyore otonomi kominote azyatik la nan Florida, e menm fè plis toujou. Nou bay sèvis sou konpreyansyon pwogram sitwayènte ak edikasyon sitwayen, mobilizasyon ak edikasyon votè sou kesyon non-patizan, sivès kominotè, ak sansibilizasyon.
Florida Legal Services (Sèvis Legal nan Florida) se yon òganizasyon lidè nan avansman ekonomik, sosyal, ak jistis rasyal. N’ap fè pledwaye pou pòv yo, moun ki plis demuni yo, epi sa li di pou yo jwenn moun par mwayen enpak diskisyon, pledwaye lejislativ ak administrative, edikasyon, ak strategi patenarya.
Kòm Florid k ap monte, nou òganize mouvman milti-rasyal pou pou genyen eleksyon, chanje lwa, ak kreye yon eta kote tout moun ka an sekirite, kè kontan, an sante ak antye.
Nou se yon òganizasyon ki mache ak moun ki fòme ak manm k ap avanse jistis ekonomik ak rasyal atravè Florid. Chak moun gen pouvwa men nou gen plis pouvwa ansanm.
Misyon nou se pou nou eksplwate pouvwa etidyan yo ak jenès la pou kreye chanjman spesyal nan kominote nou yo ak nan peyi nou an. Nou fè ak sipòte kanpay ki baze sou pwoblèm, nou òganize votè yo, ak itilize taktik ki bay siksè pou angaje generasyon nou ak òganize pouvwa tèt ansanm nou an pou bay jistis.
Nou se yon jenès imigran ki gen anpil idantite nan tout seksyon nan tout Florida a, kote n’ap goumen pou liberasyon ak pou pouvwa nou. Sa se yon kominote kolektif ki gen yon jenès imigran ki trè pwisan ki pataje resous ak strategi pou bezwen kominote nou yo.
Nan lane 2014 la, aprè nou te fin pale avèk anpil moun ki pa gen kay, gen 2 moun nan zòn Lake Worth ki te deside pou kòmanse yon chapit lokal ki di Food Not Bombs (Nou vle Manje, Pa Bonm). Nou te rekòlte manje nan plizyè zòn, nou te prepare li nan kwizin kèk kay ki trè pwòp, epi delivre yo nan park la sou bisiklèt. Chak semèn li te vin grandi pou pi gwo ak pi bon. Finalman, anpil kontak te fèt avèk restoran gourmet, jaden òganik yo, e menm avèk entrepriz poul yo; sa te ba nou opòtinite pou nou pataje bon jan kalite manje an gran kantite nan yon fason ki efikas. Kèlkewa se te anba lapli oubyen nan solèy la, nou abitye sèvi mange sa yo nan Bryant Park chak Lendy sa gen plis pase 3 lane.
FWD.us se yon òganizasyon inite toulede bò politik ki kwè fanmi Amerik yo, kominote yo, ak ekonomi boujonnen lè plis moun yo kapab reyalize tout potansyèl yo. Pou twò lontan, imigrasyon danjere nou yo ak sistèm jistis kriminèl yo te fèmen twòp moun soti nan rèv Ameriken an.
Nan lane 1980 yo, nan pi gran moman genosid pou pèp Guatemala a, anpil endigèn ki se travayè migran t’ap fè fas ak pèsekisyon nan men patwon yo pandan yo t’ap goumen anpil pou asire plas yo nan nouvo peyi sa yo rive a. Fondatè Guatemalan-Maya Center (Sant Maya nan peyi Guatemala a) t’ap pale ak plede pou kominote migran sa a, pandan li t’ap reyalize anpil bèl viktwa nan 30 dènye lane ki sot pase la a yo, ladan li genyen yon demand viza travay espesyal pou agrikilti pou prèske 1,000,000 moun.
Haitian-American Chamber of Commerce of Florida (Chanm Komès Ayisyen Ameriken nan Florida) ap bay sèvis antanke yon òganizasyon san objektif pou fè lajan ki vrèman fò kote objektif li se fè pwomosyon pou envestisman ak komès ant komèsan ayisyen prive ak sektè biznis piblik yo. Nou sèvi antanke yon resous pou manb nou yo, patnè nou yo, ak patizan nou yo. Genyen stati manb nan òganizasyon nou an sa bay dwa gen anpil benefis; konferans, atelye travay, ak evènman rezo pou kreye opòtinite biznis, patenarya, ak devlopman ekonomik. HACCOF fè pwomosyon pou kwasans pèsonèl ak biznis pou tout manb nou yo. Nou kwè ke gen fòs nan linite.
Hope Community Center (Sant Kominotè Lespwa) se yon sèvis kominote aprantisaj ki gen misyon pou ranfòse fèb kominote imigran ak travay nan Santral Florida yo par mwayen Edikasyon, Pledwaye, ak Kwasans Spirityèl. Nou egziste pou sèvi ak kiltive kominote ki mèt tèt yo par mwayen transfòmasyon pèsonèl, sosyal, ak kolektif. Vizyon nou se pou nou ka premye sant lespwa ak ranfòsman pou kominote imigran ak travayè nan fèb kominote yo nan Santral Florida.
Friends of Miami-Dade Detainees (Zanmi Prizonye nan Miami-Dade ) se yon òganizasyon 501c3 ki pa la pou fè lajan k’ap bay sipò dirèk nan kominote imigran nou an, ladan yo gen anpil santèn moun ki nan sant detansyon pou imigran yo. Volontè FOMDD yo vizite prizonye ki nan Broward Transitional Center (Sant Tranzisyon Broward) ki nan Pompano Beach, Glades County Jail (Prizon Vil Glades) ki nan Moore Haven, ak Krome Service Processing Center (Sant k’ap fè Pwosesis Sèvis Krome yo) ki nan Miami. Plis pase 7 dènye lane sa yo, yo te fè plis pase 4,000 vizit, kote yo t’ap ofri moun ki nan prizon imigrasyon yo yon koneksyon ak mond deyò a, yon koneksyon pou èd legal, yon tan pou fè apèl, kèk liv, rad pou depòtasyon oubyen pou liberasyon moun nan, èd pou yon lojman tanporè, ak plis bagay toujou.
As Immigrant Action Alliance, we will continue to operate our (now virtual due to COVID-19) visitation services at Krome Service Processing Center in Miami, Broward Transitional Center in Pompano Beach, and Glades County Detention Center in Moore Haven. We will also continue to provide support and advocacy to friends who have been transferred to other detention centers in North Florida such as Baker and Wakulla County Jails. We also continue to offer support with clothing, transportation, and emergency shelter and funds for people who are released or deported. We continue to monitor and support through the Miramar Circle of Protection, and our own Dr. Peggy Mustelier continues to host a weekly support group for people impacted by the deportation machine.
N’ap sansiblize moun sou kesyon pwoblèm k’ap atake dirèkteman imigran yo ki nan Florida Keys. N’ap batay pou dignite, sekirite, ak entegrasyon imigran yo ki nan kominote nou an. Pandan n’ap travay pou aplikasyon lajistis ak respè dwa moun pou tout abitan nan zòn nou an, nou bay enstitisyon nou an responsablite pou yon tretman nòmal pou sila yo ki plis demini yo.
Objektif Lambda Theta Alpha se pral pou li bay yon koneksyon ant tout sè yo ki baze sou linite, lanmou, ak respè nan yon efò pou favorize devlopman anpil gran lidè ki pral gen pou bay yon pratik politik, sosyal ak aktivite kiltirèl. Li pral yon objektif tou pou Lambda Theta Alpha pou fè pwomosyon linite par mwayen pwogram charite ak edikasyon, kontinye kenbe yon pi gran aprantisaj nan nivo nòmal la ak sèvi antanke yon pòt pawòl pou tout etidyan.
The Miami Workers Center (MWC) (Sant Travayè nan Miami) se yon strateji ak sant aksyon kote objektif yo se pou bati pouvwa ak pwòp detèminasyon nan kominote ki plis eksplwate yo nan Sid Florida, ak ede kreye yon wout pwogrè ak yon platfòm k’ap nouri kwasans mouvman pou chanjman sosyal nan Florida yo ak nan Etazini. Nou itilize yon apwòch ki baze sou plizyè seksyon ki konekte ansanm sèks, ras, stati sosyo ekonomik sou tout analiz ak pwogram nou yo.
The Miami Workers Center (MWC) (Sant Travayè nan Miami) se yon strateji ak sant aksyon kote objektif yo se pou bati pouvwa ak pwòp detèminasyon nan kominote ki plis eksplwate yo nan Sid Florida, ak ede kreye yon wout pwogrè ak yon platfòm k’ap nouri kwasans mouvman pou chanjman sosyal nan Florida yo ak nan Etazini. Nou itilize yon apwòch ki baze sou plizyè seksyon ki konekte ansanm sèks, ras, stati sosyo ekonomik sou tout analiz ak pwogram nou yo.
Latina Institute ap efòse li pou pèp Latina/x la ka viv avèk dignite ak verite konsènan seksyalite ak sèks nou yo. Dirige par you fòm jistis repwodiksyon, nou bati pouvwa kominote panyòl yo pou egzèse otonomi sou pwòp kò pa nou ak sekirize aksè egal fas ak sante repwodiksyon tankou yon dwa moun. Nou leve lidè panyòl yo, nou mobilize fanmi ak kominote nou yo, ak patisipe nan politik chanjman an.
Edike, Stabilize, Angage.
OCJ se yon kabinè avoka ki pa la pou fè lajan ak yon òganizasyon avoka kominotè. Aprè nou te fin tande kèk avoka prive ki vire do bay kèk moun ki pa gen posiblite pou peye yon reprezantasyon prive ak ki pa prèske gen okenn lòt kote pou yo ale epi aprè nou te fin wè yon òganizasyon èd legal fèmen pòt li epi li kite yon vid nan kominote sa kote li t’ap sèvi avan an, te gen twa fanm ki te fache pou yo wè kèk kliyan ki kanpe poukont yo nan tribinal la ki t’ap deside kisa nou kapab vin fè nan espas sa pou pote yon solisyon. Avèk sipò yon ekip avoka kominotè ki gen volonte ki gen volonte pou sèvi nan direksyon nou an, OCJ te vin fèt. Objektif nou se te pou nou kreye yon systèm ki te ka kenbe pòt nou yo ouvri malgre manke fon nou te redwi e sa ta ka ede fèmen aksè jistis la ki ta vin kreye yon defisi nan systèm jistis la nan Florida. Kounya nou panse eke nou ka enspire nouvo avoka k’ap vini yo pou fè menm bagay la.
N’ap travay lokalman pou bati yon pil diferans, kowalisyon sou konsyans politik pou òganize ka bati yon pouvwa ki chita sou pèp la ki pral kapab dirije ak mobilize repons yo fas ak pwoblèm imigran ap jwenn, edike kominote nou an konsènan move entèpretasyon ak kontribisyon imigran yo nan Etazini, epi enfliyanse politik piblik la. N’ap fè sa par mwayen twa (3) komite travay sa yo: Pwoteksyon, Edikasyon, ak Legislasyon. Nou plis fyè toujou pou fè pati 10.000 moun imigran sa yo k’ap mache nan Lake Worth nan lane 2006 la, kreyasyon yon komite defans nan Barrio (Defensa de Barrio) aprè yon atak imigran nan lane 2010, ak gran mobilizasyon sa yo ki konn fèt nan Tallahassee pou goumen kont lwa sa ki kont imigran yo a nan 2011 lan.
Nou mande sa pou tout moun ki apwoche fwontyè nou yo, moun sa yo dwe resevwa yon tretman tankou moun, avèk konpasyon, yon tretman egal, avèk dinyite – kèlkeswa se te moun k’ap chèche azil, refij, ou se moun k’ap chèche yon pi bon lavi.
Misyon nou se pou nou bati yon patisipasyon elektoral ak kominotè nan demokrasi nou an pou asire yon dènye fòm dignite ak respè pou kominote panyòl nou an. N’ap travay pou bati yon prezans k’ap mete an priyorite bezwen kominote nou fas ak antite ak dirijan nou te vote yo sila yo ki vrèman enfliyan lè gen yon politik ki kreye e ki gen yon enpak dirèk sou kominote nou an.
QLatinx te fonde sou fòm repons sou kesyon pil katouch k’ap tire ansanm ak aksyon rayisab sa ki te fèt nan Night Club Pulse ki nan Orlando, Florida, nan dat 12 Jen 2016, pandan yon sware lansman pwogram sila ki rele LGBTQ+ establishment’s Latinx (Panyòl Etablisman LGBTQ+), yon atak ki fè kominote nou an pèdi 49 lavi ak ki kite plis moun blese fizikman ak sikologikman. QLatinx te rasanble ansanm tout manb kominote lokal la ki konsène dirèkteman ak ki totalman afekte par trajedi sa a pou bati yon chèn solidarite, pou goumen kont inegalite, ak fè pwomosyon pou kèk pratik entegrasyon pou lidè lokal yo ak ajans ki patnè li yo.
Redlands Christian Migrant Association se yon òganizasyon 501(c)(3) ki pa la pou fè lajan, yon òganizasyon volontè ki pa gen okenn sektè, li rete konsantre sou byenèt ak swen pou timoun imigran ki pòv yo nan tout leta Florida a. RCMA bay yon gran kalite swen pou timoun ak yon edikasyon avan laj pou timoun imigran k’ap travay nan jaden yo ansanm ak lòt fanmi k’ap viv nan pwovens yo, fanmi ki gen ti revni ekonomik yo. Pwogram sa a gen ladan li kèk aktivite an avans, migran an avans, ak kèk aktivite avan e aprè lekòl nan 21 Vil ki nan Florida. Anplis, nou entegre paran yo nan ankouraje yo nan fè patisipasyon yo antanke sitwayen, nan vote ak travay sou direksyon pwòp komite ak asosyasyon yo a.
Rural Women’s Health Project (RWHP) genyen yon sèl grenn pozisyon antanke sèl òganizasyon pou jistis sou lasante nan Nò Florida. Misyon nou se pou n’ itilize evidans ki baze sou strateji pou nou ka bati pwogram kominotè dirab ak pwogram ki ka repwodwi ansanm ak politik pou ranfòse kapasite kominote yo pou nou jere pwoblèm lasante ak baryè jistis sosyal yo. Li te fonde nan lane 1991, RWHP entegre kominote yo nan devlopman ak mete sou pye rezilta rechèch yo. N’ap chèche bati kapasite pou nouvo lidè yo, kreye yon pledwa pou opòtinite yo, bati kowalisyon, amelyore koneksyon ki genyen pami sèvis pwoteksyon lasante yo.
Sachamama se yon òganizasyon ki baze nan Miami k’ap bati sipò a 100% nan ekonomi enèji pwòpte pou tout moun, avèk yon anfaz spesyal nan atitid devlopman dirab, konpòtman ak mòd de vi pami kominote panyòl yo. Nou devlope kèk strateji sansasyon kiltirèl pou ede Kominote panyòl yo fas ak materyèl nesesè ke yo bezwen pou yo ka vini yon fòs politik pou aksyon tanperati a. Nou rete konsantre sou twa (3) objektif: ogmante kouvèti laprès sou klima yo, akselere yon tranzisyon pou yon ekonomi enèji pwòp, ak kreye yon nouvo generasyon k’ap defann klima a.
Inyon Sèvis Piblik Florid SEIU reprezante 20,000 travayè nan uit konte, 16 vil, kat distri lekòl, ak sèt kolèj piblik ak inivèsite atravè Florid.
Nou Travay pou Pèp la
Dè milyon de moun toupatou nan Florid depann de nou pou sekirite yo, sante yo, edikasyon yo, swen pou timoun yo ak lòt sèvis vital ki ede bati kominote ki an sekirite ak an sante. Manm Inyon Sèvis Piblik Florid SEIU yo se fòs ki kondwi dèyè sèvis piblik serye ak vwa anplwaye piblik yo nan tout Florid. Kòm yon sendika nan tout eta a, nou itilize vwa ak resous kolektif nou yo pou fè fas a defi tankou amelyore kalite ak fyabilite sèvis nou bay yo ak bidjè ki toujou ap diminye, rediksyon revni, privatizasyon, rediksyon ak pri k ap monte nan lavi ak lojman toupatou nan eta a.
Nan 1199SEIU Florid, nou reprezante plis pase 25,000 anplwaye swen sante-soti nan enfimyè yo anplwaye biwo – k ap travay nan lopital la ak endistri mezon retrèt. Nou travay nan kèk nan pi gwo enstitisyon swen sante pou fè pwofi ak akademik nan eta a epi yo toujou ap travay pou reyalize abòdab, -wo kalite swen sante pou tout moun. Manm nou yo gen yon istwa rich nan efò yo transfòme lavi pa otorize kominote nou yo kanpe pou jistis, diyite, ak respè pou tout moun.
Nou se pi piti distri 32BJ a, ak 1500 manm nan zòn Miami, men nou pa timid lwen batay la pou fè travay nou yo pi byen oswa kominote nou yo pi fò. Nou te ede ogmante pousantaj salè k ap viv nan Miami Beach. Ofisye Sekirite Sosyal, pwodui netwayaj biwo, ak travayè sèvis manje yo te òganize epi rantre nan ranje nou yo. Next arè: òganize travayè ayewopò.
SEIU Healthcare Florida Local 1991 se reprezantan negosyasyon pèsonèl pou 5,000 enfimyè ki anrejistre yo, doktè k’ap patisipe yo, ak pwofesyonèl swen lasante nan Systèm Sante Jackson nan. Depi lè SEIU Local 1991 te fòme nan lane 1991, nou te negosye youn nan pi bon salè ak kondisyon travay pou manb nou yo nan Etazini. Nou santi nou fyè pou nou genyen youn nan kèk kontra nan nasyon an avèk yon garanti 40 èdtan travay par semèn menm ak travay an plen tan ki gen 36 èdtan par semèn nan. Nou negosye dènyeman an yon kontra ki vrèman difisil pou moun jwenn, yon kontra ki egzije yon enfimyè pou yon paysan ki nan staff politik ki nan Jackson.
SPLC kanpe pou moun ki san pouvwa yo, moun yo eksplwate, ak lòt ki viktim diskriminasyon ak rayisab. Pou plis pase 40 lane, nou te genyen kèk pwosè ki rete make nan listwa e ki kreye yon refòm nan systèm Nannan Sid la. Nou te jete tout ti rès ide konsènan prensip separasyon koulè Jim Crow la ak detwi bann gwoup sipremasi blan vyolan yo. Nou kraze baryè pou n’ mete egalite pou fanm yo, timoun defavorize yo, kominote LGBT a, ak kominote andikape a. Nou te pwoteje travayè migran ak imigran pou yo pat viktim abi nan asire bon tretman tankou moun pou tout prizonye yo, nou te refòme pratik jistis jenès la, e menm plis ankò.
S.W.E.R. se yon òganizasyon ki te fonde par yon jenès imigran san papye pou mande liberasyon moun k’ap soufri yo. N’ap travay pou grandi konsyans nan kominote nou yo konsènan jistis sosyal ak egalite aksè pou edikasyon par mwayen òganizasyon de baz yo, edikasyon politik, konstriksyon alyans, aksyon dirije sou non vyolans, ak angajman sitwayen. Tout valè sa yo ki ba nou enspirasyon nan aksyon nou yo se kwasans pèsonèl, lidèchip jèn, ak reyalizasyon jistis ak egalite par mwayen pouvwa solidarite.
Unitarian Universalists genyen yon eritaj ki di konsa “zèv pa vle di lafwa.” Travay nou pou yon pi bon mond rele nou pou nou ale nan plas nou pat menm espere etan done n’ap eksplwate pouvwa lanmou pou sispann vyolans. Kòmanse depi nan òganizasyon kominotè de baz yo pou rive nan pledwaye leta ki gen tout kalite lafwa relijye yo, pledwaye nasyonal, ak pledwaye antrepriz yo; nan manifestasyon yo, nan veye priye yo, ansanm ak konferans pou laprès; sant refij pou moun ki pa gen kay yo ak nan prizon yo, Unitarian Universalists mete lafwa nou nan aksyon. Menm jan lanmou pa gen baryè devouman nou genyen pou travay pou lajistis depase tout limit frontyè ak tout mi yo.
Nou se yon kominote relijye liberal: ki bay yon espas sekirize pou eksplorasyon spirityèl ak etik, edikasyon, diskou, ak dyalòg; respè pou tout kalite moun, dignite, ak dwa yo; pouswiv yon lapè pèsonèl ak mondyal; ak fè pwomosyon pou pwoteksyon resous natirèl yo ak resous mondyal la.
UNITE HERE se yon linyon nan travay ki reprezante 300,000 moun sou tout teritwa Canada ak Etazini. Manb nou yo ap travay nan otèl, espas jwèt yo, sèvis manje, fabrikasyon, twal, distribisyon, lesiv, transpò, ak antrepriz ayeropò yo. Kategori manb nou yo vrèman diferan. Nou se majorite fanm ak pèp ki gen koulè, epi nou soti nan tout kwen nan planèt la. Ansanm, n’ap bati yon mouvman pou pèmèt moun ki gen tout kalite kondition yo jwi pi meyè moman egalite ak opòtinite yo.
UNITE HERE se yon linyon nan travay ki reprezante 300,000 moun sou tout teritwa Canada ak Etazini. Manb nou yo ap travay nan otèl, espas jwèt yo, sèvis manje, fabrikasyon, twal, distribisyon, lesiv, transpò, ak antrepriz ayeropò yo. Kategori manb nou yo vrèman diferan. Nou se majorite fanm ak pèp ki gen koulè, epi nou soti nan tout kwen nan planèt la. Ansanm, n’ap bati yon mouvman pou pèmèt moun ki gen tout kalite kondition yo jwi pi meyè moman egalite ak opòtinite yo.
WeCount! se yon òganizasyon 501(c)(3) ki pa la pou fè lajan ki etabli sou tout teritwa leta a k’ap travay prensipal nan Homestead. Nou reprezante ak defann dwa imigran yo, etidyan yo, ak moun k’ap travay nan zòn nan. Manb WeCount! yo se travayè imigran Panyòl, Mayan, Ayisyen, fanmi k’ap travay yo, ak jenès la. Manb nou yo se moun ki retrete, e sila yo k’ap travay yo ap fè li nan domèn: plante pepinyè ak jaden, preparasyon teren, konstriksyon, touris, gadò kay, ak boutik endistriyèl. Ladan yo nou jwenn fanmi yo ak nouvo imigran yo ki separe ak fanmi yo nan pwòp peyi pa yo. N’ap travay pou nou rive reyalize jistis sosyal ak ekonomik nan rasanble imigran ki gen plizyè origin yo, etidyan yo, ak moun k’ap travay ansanm pou enfòme pwòp tèt pa yo konsènan dwa yo, nan sipòte youn lòt, devlope lidèchip yo, ak fè yon aksyon pou amelyore lavi yo.
Women’s March Florida se yon òganizasyon 501(c)4 ki pa la pou fè lajan ki fòme sèlman ak volontè nan tout leta a. Nou ini selon volonte nou pou nou goumen kont vyolans par mwayen yon wout tèt ansanm, defann respè, ak egalite pou tout moun. Nou vize rann responsab nouvo militan ak òganizatè yo, pou edike manb nou yo sou yon echèl pwoblèm, ak pou aktive youn lòt pou rete nan batay la pou chanjman ak solisyon pou yon peryòd ki polo prèt pou rive.s.
YAYA se yon rezo jèn moun k’ap travay san pran souf pou chanje vyolans sosyal, politik, ak kondisyon ekonomik yo ke travayè jaden yo ap fè fas nan Etazini. Li jwenn enspire li selon prensip non vyolans nan mouvman travayè jaden yo, YAYA ap sipòte yon pil kanpay nasyonal ak lokal ke travayè jaden yo ap dirije. Kanpay sa yo ap chèche amelyore kondisyon vyolans sa a travayè k’ap rekòlte manje nou yo a ap sibi.
Pwomosyon, fasilite, pledwaye pou devlopman pozitif pou moun, pou pwoteje fanmi yo, ak jèn moun yo ki fè ti revni, ranfòse refijye yo, imigran yo par mwayen edikasyon, aksè swen lasante, spò, mizik ak opòtinite travay atis yo.
Patnè Leta yo
Angajman sivik ki pa patizan nan Florid ak chemen pou devlopman lidèchip pouvwa.
Angajman sivik ki pa Peye-patizan.
Patnè Nasyonal yo
Konsantrasyon transnasyonal (Amerik Latin) / Defann TPS / DACA / CAM / Pwoteje minè ki pa akonpaye ak refijye ki soti nan Amerik Santral / Sispann depòtasyon.
BAJI edike ak angaje Afriken Ameriken ak kominote imigran nwa yo òganize ak defann pou jistis rasyal, sosyal ak ekonomik. Lokal BAJI Localganize Komite nan New York, Georgia, Kalifòni ak Arizona bati kowalisyon ak kòmanse kanpay nan mitan kominote yo pouse pou jistis rasyal. Nan nivo lokal ak rejyonal, BAJI bay fòmasyon ak asistans teknik pou òganizasyon patnè yo pou devlope ladrès lidèchip, travay avèk kominote lafwa yo pou eksplwate vwa pwofetik yo, epi kòmanse dyalòg vibran ak Afriken Ameriken yo ak imigran nwa yo dekouvri plis bagay sou ras, idantite divès nou yo. , rasis, migrasyon ak globalizasyon. Pwojè bato BAJI a se Rezo Imigrasyon Nwa (BIN), yon alyans nasyonal ki pote ansanm òganizasyon nwa-dirije ak pwogram avanse politik imigrasyon jis ak ankouraje orè kiltirèl kominote nou yo bezwen. Parante BIN la bay yon espas kominotè ki san danje pou divès kominote nwa pou konekte, angaje epi defann egalite ak jistis pou tout moun.
Goumen kont prizon an mas ak konplèks endistriyèl prizon an / Fini Detansyon Imigran.
Refòm Imigrasyon / Alliance pou Sitwayènte kanpay A4C / Angajman sivik ki pa patizan / Defann TPS / DACA.
Feminis de baz / Jis tranzisyon / Anti-lagè, militaris ak prizon.
Natiralizasyon ak entegrasyon imigran.
Dwa travayè yo ak dwa fanm yo.
Natiralizasyon ak baryè pou sitwayènte.
Refòm Imigrasyon / Sispansyon Depòtasyon / Bati yon nouvo Sid / Defann TPS / DACA.
Lidèchip jèn yo / Sispann depòtasyon yo / Chemen sitwayènte pou tout moun.
Patnè lokal yo
Nou se yon òganizasyon de baz, ki baze nan kominote a, ki ap dirije ak yon anplwaye ki sipòte, yon òganizasyon manm nan Homestead, FL. Li konpoze de jèn imigran Endijèn, Nwa, ak Latinx k ap travay ansanm pou defann kominote yo kont dezòd klimatik ak politik anti-imigran atravè òganizasyon, devlopman lidèchip ak atizay. Travay nou an montre lajwa ak pouvwa jèn moun ki soti nan yon eritaj long nan lidèchip entèjenerasyonal, ki chita sou kilti, ak sistèm manje dirab.
** FLIC prezan nan Komite Direktè