Kongrè FLIC 2023

JWEN nou pou kongrè FLIC lan: Dirije ‘Nan jan Florid Lan!’

Nou kontan pou apre 3 zan kote nou te gen kongrè nou yo vityèl, ane sa a Kongrè a pral an pèsòn e nou ap tann pou nou pote kominote a ansanm. Kongrè FLIC lan se yon espas kote nou rasanble, aprann, pataje, epi bati yon kominote ki genyen kominote entèseksyonèl ak alye ki ap dirije nan jan Florid Lan.

Kongrè 2023 FLIC lan : Dirije ‘Nan jan Florid lan!’ ap fèt nan Santral Florid soti nan Vandredi 29 septanm rive pou Dimanch 1 Oktob.​​​

Nou ap reve pou yon Florid kote kominote yo ap pwospere, afime epi pran swen divesite nou, talan nou, gwo potansyel nou yo a ak angajman nou youn anvè lòt. Sa, sa se Jan Florid Lan.

Pandan Kongrè FLIC lan nou rasanble, aprann, pataje, epi bati kominote pou imigran ak alye ki ap dirije Nan Jan Florid Lan nan vizyon nou pou fè eta nou an yon vrè kay pou tout moun.

Sa a se pa yon ane òdinè - Moun Florid yo ap fè fas ak gwo atak nan men yon gouvènman koripsyon ki pa pè defann enterè kèk move patikilye. Gouvènè nou an ak majorite alye li yo te defann lwa ki limite aksè pou swen sante, limitasyon sou edikasyon, epi mete jèn yo nan sitiyasyon danjere. Nou rele pou dirije, epi nou dwe dirije nan renmen ak pouvwa, nan direksyon pou Florid nou aspire ak merite. Nou pi gwo nou, ansanm, kap dirije Nan Jan Florid Lan.

Anrejistre jodi a pou ou pran plas pa ou an!

Dat

29 Septanm - 1 Oktob

 

Lokasyon

Santral Florid ( Ou wap jwen adres la lè ou anrekistre)


Sa a se yon evènman an pèsòn sèlman. Pandan nou vle tout moun patisipe, akòz lojistik konplèks nan yon gwo evènman konsa, pa p gen okenn opsyon pou Zoom oswa prezans vityèl.

AREJISTRE KOUNYA

Si w fè pati yon òganizasyon ki se yon manm aktif nan Florida Immigrant Coalition, òganizasyon ou an gen dwa VOTE nan Asanble Jeneral FLIC la. Ou ka nonmen yon manm òganizasyon w lan tou pou li rantre nan Konsèy Administrasyon nou an! Ou gen yon moun nan tèt ou? Si manm enkwayab nou yo vote w, ou prale bo pwochen etap la nan lidèchip kolektif FLIC la.

KLIKE LA POU OU NOMINE YON MOUN POU DIREKSYON FLIC

Manm endividyèl FLIC yo ka vini nan Kongrè FLIC epi patisipe nan tout atelye fòmasyon ak estrateji nou yo. Manm endividyèl yo ka patisipe nan eleksyon nou yo tou lè yo vote tankou yon caucus. Si w poko manm FLIC, kisa w ap tann?! Vin yon pati kominote pwisan konbatan libète sa a jodi a!

KLIKE LA POU OU VIN YON MANM