
Ou envite nan Kongrè FLIC 2022 a
Nou kontan envite w nan Kongrè FLIC 2022: Bouje ak Kadans Pogram Pèp la (Moving to the Beat of the People's Agenda). Pandan n ap kontinye goumen sou tout fwon yo kont gwo antrepriz kap kontwole lejislatè yo ki bay pwofi priyorite sou moun, nou vle mete aksan sou vanyans nou ak rezistans nou san rete! Sòti nan viktwa Sant Travayè Miami a (Miami Worker's Center) pou dwa lokatè yo, rive nan sipò san rete Sant Kominotè HOPE (HOPE Community Center) & Asosyasyon Travayè Agrikòl Florid la (Farmworker Association of Florida) pou imigran nan Sant Florid la, N ap Bouje ak Kadans Pogram NOU! Ane sa a, n ap kontinye ak yon konvansyon konplètman vityèl pou asire sekirite tout manm nou yo sòti 9 rive 10 septanm. Nou pral ofri w tou opòtinite pou w asosye ak yon manm òganizasyon akèy pou yon Rasanbleman Pataje Pen (Breaking Bread Gathering) an pèsòn nan Samdi 10 septanm!
Enskri w pou kongrè flic isit la!
Enskri isit laSi w fè pati yon òganizasyon manm Kowalisyon Imigran Florid la (Florida Immigrant Coalition), òganizasyon w gen dwa VOTE nan Asanble Jeneral FLIC la. Ou kapab nomine yon moun nan òganizasyon w pou fè pati konsèy nou an tou! Ou gen yon moun nan lide w? Si manm estrawòdinè nou yo chwazi w, w ap avanse nan pwochen etap nan lidèchip kolektif FLIC la pou transfòme kilti a epi mennen chanjman nan pouvwa a pou fè Florid tounen yon vrè kay pou tout moun, imigran yo tou alawonbadè.
Manm endividyèl FLIC yo ka fè pati Kongrè FLIC la epi patisipe nan tout atelye devlopman kapasite ak estrateji nou yo. Si w poko manm FLIC, kisa w ap tann?! Fè pati gwo kominote konbatan pou libète sa a jodi a.
