campaigns

Lisans Chofè pou Tout Moun

Prèske yon milyon Abitan Florida aktyèlman la pa gen aksè a yon lisans chofè akoz de stati imigrasyon yo, kote sa fè enpak sou sekirite popilasyon an ak pwosperite ekonomik nan Florida a. Objektif nou avèk kanpay sa a se pou agrandi metòd pou verifikasyon idantite a, konsa chak grenn Chofè ki fòme ak kapab ka gen aksè a yon lisans ak asirans, kèlkeswa stati imigrasyon li. Pandan Lisans Chofè a se premye objektif nou,

FLIC ap mande tou pou yon nouvo kat idantifikasyon gratis pou tout Miami-Dade ak tout abitan Florida, kat sa ki bay nou tout opòtinite pou montre kiyès nou ye— Abitan Miami /Abitan Florida. Kat Idantite Meri yo ap benefisye tout abitan, ladan yo gen kominote ki plis defavorize yo – moun k’ap viv nan lari yo, jenès la, kominote LGBTQ yo, gran moun yo, imigran san papye yo, moun ki nan prizon lontan yo, ak lòt moun ki ta ka gen difikilte pou genyen lòt pyès idantite gouvènman.
Request more information
Driver’s License for All