campaigns
Klima Jistis – Depi nan Rasin
Florida pa sèlman yon pwen santral pou Chanjman Klima, men tou li se kay pou anpil gwoup refijye, ladan li genyen Ayisyen yo ki te sove anba tranbleman tè 2010 ansanm ak Pòtoriken sa yo ki te kite zile a aprè Siklòn Maria te fin devaste zile sa a. Kanpay ki rele From the Root (Depi nan Rasin) lan fè yon apwòch global e enteresan sou jistis anviwónman an, pandan l’ap santre diferan eksperyans mòd de vi kominote nwa ak mawon yo epi nan leve byen wo ijans pou gen yon aksyon ki fèt pou klima a.