Apèsi Sou Lekòl La
Sèvis Kominotè: Bati yon Kilti Swen
Depi lè li te kreye fòmèlman an , FLIC te vin yon patisipan pou chanjman. Nou te bati pouvwa nan leve kominote nou yo par mwayen kanpay konpreyansyon, pwogram, ak sèvis enfrastrikti yo.
Kanpay lokal, regional ak nasyonal nou yo ap chèche pou fòme reprezantan ak gouvènman ki responsab. Viktwa nou yo genyen ladan yo frè inivèsite pou etidyan san papye yo ak òdonans ki sevè konsènan mouvman vòlè kòb travay yon fason pou nou pwoteje travayè yo. Nou te reziste san nou pat pè ak reyisi bloke anpil atanta legislativ ki ta la pou reyalize yon plan ki kont imigran nan Florida yo. N’ap kontinye avanse nan yon vizyon tèt ansanm ak entegrasyon pou gouvènans, avèk kèk politik k’ap agrandi dwa ak libète e ki p’ap pase yo anba pye.
Pwogram nou yo fèt spesyalman pou bati kapasite òganizasyon manb nou yo ak chak grenn moun ki manb nou yo, pou rekòlte konsyans koneksyon ak ranfòse solidarite. Plis pase 6,000 moun ki gen rezidans pèmanan yo te vin Sitwayen Natiralize Ameriken avèk sipò FLIC, ak prèske 60,000 nouvo votè nan Florida te anrejistre nan men FLIC. Nou bay anpil douzèn bousetid nan rasanbleman nasyonal nou yo chak ane, epi manb nou yo gen aksè pou yon politik edikasyon ki trè konpreyansif nan bati konpetans par mwayen University Without Walls ak The Rising Tide.
Sèvis nou yo se yon pyès enpòtan nan travay nou an. Liy Apèl nou an 1-888-600-5762 kontinye rete yon sous lavi pou kominote nou yo, nan fè plis pase 5,000 apèl chak ane. Atelye Pwoteksyon Moun (Protect the People clinics) nou an bay yon sipò legal, e te gen plis pase 260,000 moun ki te patisipe nan mouvman “Know Your Rights” (Konnen Dwa W’ Yo) nan dènye ane ki te pase yo. Nou t’ap dirije tou yon bann sesyon kou Pèfòmans Anglè chak ane ak bay sipò jistis lang nan kominote nou selon bezwen yo ak selon posiblite yo. Nan lane 2020 an nou te lanse pwogram Fon Enpòtan Men Ekskli a, yon pwogram èd youn lòt ki bay yon asistans ijans nan yon finansman cash pou fanmi imigran ki viktim nan Covid-19 la.
