Ale Nan Inivèsite

Ale Nan Inivèsite

Genyen plizyè milye bousdetid prive deyò a kote ou ka aplike pou yo

Nou vote lwa kòb lekòl pou etidyan san papye k’ap viv nan Florida! Depi nan lane 2014 tout etidyan ki te gradye nan Florida yo, ladan yo genyen etidyan san papye yo, tout etidyan sa yo kalifye pou peye kòb lekòl inivèsite yo nan kolèj ak inivèsite lokal yo.
Nou konprann ke baryè finansyè yo toujou ekziste – anpil nan manm nou yo se oubyen se te ansyen etidyan san papye epi yo pa ka jwenn aksè nan pwogram èd finansye FAFSA a. Par kont, etidyan imigran sa yo kapab (e nou ankouraje yo pou fè sa tou) chèche sipò nan pwogram bousdetid prive yo. Gen plizyè milye bousdetid prive deyò a ke nou ka aplike pou yo.

Nou konnen sa tou fè pati nan kominote a se yon bagay tèt chaje pandan nou kontinye ap goumen pou agrandi dwa imigran yo. Si w’ ta swete patisipe ak vin jwenn youn nan manb gwoup jenès nou yo, silvouplè kontakte Liy Apèl nou nan 1-888-600-5762 pou plis enfòmasyon.

Smiling young female